top of page
Image from iOS (101).jpg

FÒMASYON

Demontre trè karaktè Extollo yo

EKSELANS, DISIPLIN, ENTEGRITE

gradye nou yo pare pou pote valè nan nenpòt ki pwojè.

KOU NIVO 1

Kou nivo 1 nou yo entansif pandan de (2) semenn, pratik nan yon metye ekonstriksyon byen espesyal.

Tout kou nou yo gide pa pwofesyonèl ekonstriksyon trè eksperimante lisansye Ozetazini ak yon kourikoulòm ki chita sou nivo enstriksyon - NCCER (NCCER : Sant Nasyonal pou Fòmasyon Konstriksyon ak Rechèch).

 

Dapre prensip “aprann pa lapratik” Kou Nivo 1 Extollo yo se 85% aprantisaj pratik e anseye Kòd Konstriksyon Entènasyonal yo nan chak metye, akote lidèchip pèsonèl, travay an ekip, ak pwofesyonalism.

KOU NIVO 1 NOU YO:

(klike pi ba pou n aprann plis)

Frè Eskolè : $300-$375 ameriken pa etidyan, pa kou, selon metye ekonstriksyon an 

*tout edidyan dwe peye frè yo anvan

kòmansman kou a*

KOU PRIVE

Pou gwoup de 10 etidyan oswa plis, nou ofri kou prive nan lokal nou nan Bèsi oswa nan Pòtoprens.

 

Nou egzije ke etidyan yo genyen 18 lane oswa plis e konplete klas nevyèm ane fondamantal. Nou pa loje pou kounye a etidyan nan lokal nou, men nou ka jwenn espas pou etidyan w yo rete nan zòn lan.

 

Yon 20% diskont disponib pou òganizasyon ki enterese rezève pou 2 klas oswa plis.

Kontakte Sant Fomasyon Extollo a nan

(509) 3264 0717 oswa ranpli fomilè Kontakte Nou.

JOUNEN KARYÈ

Jounen Karyè se yon evennman demi jounen pou etidyan ki gen pou vini nan lide pou ede yo eksplore opsyon pakou pwofesyonèl yo.

 

Nou bay yo yon lide jeneral sou metye ekonstriksyon yo e montre etidyan yo konpetans nesesè pou yo reyisi nan konstriksyon.

Evennman sa fèt depi 9è nan maten pou rive midi nan lokal Extollo ki nan Bèsi e li gen ladann yon kout poz rafrechisman.

 

Kontakte Sant Fòmasyon Extollo a nan (509) 3264-0717 pou w pran yon dat pou etidyan w yo ka patisipe oswa ranpli fomilè Kontakte Nou.

KI SA ETIDYAN YO KA ESPERE

Kòman nou kreye valè pou etidyan n yo ak konpayi/òganizasyon yo

  • Genyen konpetans valab ak pratik nan yon metye ekonstriksyon atravè aprantisaj nan men pwofesyonèl ekonstriksyon trè ekperimante.

  • Aprann fason pou reyisi nan milye travay, tankou kòman pou mennen tèt ou ak ekip ou.

  • Genyen konesans espesyalize nan yon metye konstriksyon, chans pou w mete konesans sa yo an pratik, ak konsèy sou fason pouw amelyore. Evalyasyon aprantisaj yo itilize nan klas yo pou evalye konpetans ak konpreyansyon.

  • Aprann kòman pou w yon lidè ak yon manm ekip a siksè sou yon chantye gras ak yon konpòtman travay pwofesyonèl.

  • Resevwa yon sètifika Extollo apre w pase tout egzijans kou an.

bottom of page