top of page

CAREER DAY
Student Transition Program

Ou ta renmen ede nan prepare elèv ou ki an ayiti pou demen aprè etid sekondè yo? Nou la pou ede nan chwa karyè yo nan fòmasyon profesyonèl pou èlèv ki ta renmen genyen yon karyè nan konstriksyon.

Jounen oryantasyon pou jènn, se yon demi jounen pou elèv ki pral gradye nan lekòl segondè, nou ede yo wè pi klè diferan opsyon yo genyen pou bati karyè yo. Nou ba yo yon apèsi sou metye konstriksyon an epi montre yo ki konpetans yo dwe genyen pou yo vini yon bon mason, yon bon profesyonèl nan soudi epi yon bon elektrisyen. Nou ofri yo tou posibilite pou fè kèk ti aktivite pratik.

Electrical_edited.jpg

Nou òganize aktivite sa nan lokal Extollo nan Bercy soti nevè nan maten pou rive midi, ladann nou pran yon ti tan pou rafrechi. Nou mande yon ti kontribisyon pou kouvri frè rafrechisman an. Kontakte Extollo Sant fòmasyon profesyonèl nan nimero (509) 3264 0717 pou pwograme yon jou pou elèv ou ka patisipe.

Contact Us

bottom of page