top of page

SA-W DWE KONNEN DE NOU

We aspire to be a training-focused construction company that embodies the highest level of excellence and integrity, setting the bar for building methods and construction products in Haiti.

Misyon nou se libere potansyèl Ayiti nan bati yon demen pi fò atravè fòmasyon yon mendèv ekonstriksyon ki gen karaktè ak kapasite pandan ke n-ap pote pwodwi ak sèvis tou nèf nan zafè konstriksyon.

Pwogram fòmasyon nou an ofri kou pwofesyonèl nan mason, beton, elektrisite, soudi ak plis ankò.  Etidyan ki seleksyone yo jwenn opòtinite pou yo avanse gras ak fòmasyon pratik atravè pwogram Pratik/Nivo 2 nou an. Konpayi konstriksyon nou an ap devlope pou kounye-a plizyè pwodwi tankou kay ak mi sekirite ki itilize tiltòp kòm teknoloji ekonstriksyon - premye nan kalite sa an Ayiti. N-ap konstwi kapasite nou pou-n ofri pwodwi de fabrikasyon metalik de wo nivo.

 

Nou twouve-n nan Bèsi, avèk yon lòt kanpis nan Pòtoprens. Gradye nou yo pa sèlman ale ak konpetans pou yo travay men yo entegre tou Asosiyasyon Ansyen Etidyan nou an, ki pèmèt yo benefisye de rezo Extollo-a k-ap grandi nan edistri konstriksyon an.  Extollo Training & Construction S.A. se yon biznis ki anrejistre an Ayiti e ki fonde pa Extollo International.

 

Estaf Lan

IMG_7027.jpg
James Stephano Jean-Baptiste 
Koòdonatè Pwogram Fòmasyon

Yon diplome nan jeni nan Inivèsite GOC nan Pòtoprens, Stephano te rantre nan Extollo an 2021 apre li te fin fè fòmasyon nan masonry ak soude ak reyalize enpak Extollo te kapab genyen sou peyi a. Stephano se fotograf rezidan Extollo tou, ansanm ak ede ak anpil pwojè Extollo andeyò Lekòl Komèsyal la. Stephano patisipe nan anpil òganizasyon tankou legliz li, gwoup mizik, ak travay charitab.

jeff.jpg
Jeff Ballard
Manadjè konstriksyon ak Fabrikasyon Metalik

Jeff Ballard, se yon enstriktè sètifye SNERK e yon aktyèl ESS (Enspektè Soudi Sètifye) ak FSS (Fòmatè Soudi Sètifye) ak manm Sosyete Soudi Ameriken avèk plis pase 49 lane ekperyans nan fabrikasyon metalik, li bay direktiv ak fè kontwòl kalite nan tout fòmasyon soudi Extollo yo.  Avan li te entegre Extollo, Jeff te fè pati de konsèy administrasyon Lekòl Teknik Yòk nan Kolin Wòch, Kawolin Disid apre yon long karyè reyisi nan pwòp chòp fabrikasyon metalik li.

IMG_3365.JPG
Jessica Jean
Administratè

Jessica entegre ekip lan kòm Asistant Administrativ. Li se yon moun ki trè entelijan e ki aprann vit. Kounye-a, l-ap pouswiv etid li avèk objekif pou li ka dirije mye e devni yon moun ki antreprann mye.  jessica@extollosa.com

IMG_3761.JPG
Junior Medard
Direktè Jeneral

Junior te kòmanse avèk Extollo nan mwa avril 2019. Junior gen anpil ane eksperyans nan travay ak biznis nan Ayiti. Li itilize kapasite lidèchip ak biznis li pou l kontinye antrene ak devlope anplwaye ayisyen nou yo epi avanse Extollo an Ayiti.

junior@extollosa.com

Image from iOS (213).jpg
Javier Calero
Project Engineer/QC Inspector

Javier received his degree in Civil Engineering and is an ACI Associate Concrete Construction Special Inspector. With over 12 years in the construction industry, seven (7) in concrete construction, Javier previously worked as an ACI Concrete Field-Testing Technician. Javier brings value to all things concrete in our tilt-up operations.

IMG_3348.JPG
Jeffte Fenelus
Metal Fab & Construction Clerk

Jeffté ap bay sèvis li nan Extollo depi kèk tan. Atansyon li ak detay, sousi-l pou travay kalite ak bon konpètman-l se tankou yon fòs ki mete plis vi nan òganizasyon an. Anplis ke li ap anseye, li responsab tout travay enstalasyon k-ap fèt nan espas lan.

IMG_1655.JPG
Jonathan Dagrin
Kòdonatè Tilt-Up

Jonathan te rantre nan ekip Extollo an 2020 apre li te fin gradye nan tèt klas fòmasyon li a. Li te montre gwo potansyèl kòm yon pwofesè ak konpetans angle li yo gen anpil valè. jonathan@extollosa.com

Keith Headshot 2019.jpg
Keith Cobell
Prezidan

Keith pote llidèchip estratejik ak jesyon an jeneral pou Extollo pandan l ap sipòte misyon Extollo a ki se ekipe ak libere potansyèl gason ak fanm nan Ayiti atravè metye konstriksyon yo - tout sa nan objektif pou bati estrikti trè bon kalite ak mendev trè kalifye pou kreye yon Ayiti pi fò.

ShermanBalch.jpg
Sherman Balch
Kontraktè

Sherman se yon ekspè rekoni entènasyonalman nan teknoloji konstriksyon tiltòp, avèk anpil eksperyans nan rechèch ak devlopman nouvèl teknik konstriksyon ak pwosedi pou endistri. Yon kontraktè akonpli, desinatè/konstriktè, ak devlopè, avèk plis pase 40 lane karyè, Sherman dirije gro pwojè konstriksyon atravè Nò Kalifoni.

TRADE SCHOOL ADVISORS

jeff.jpg

Jeff Ballard
Welding Advisor

Jeff is a NCCER-certified instructor and a current CWI (Certified Welding Inspector) and CWE (Certified Welding Educator) and member of the American Welding Society with over 49 years of metal fabrication experience. Prior to Extollo, Jeff was the Welding Department Chair at York Technical College in Rock Hill, SC after a long and successful career running his own metal fab shop.

Screen Shot 2022-07-29 at 1.58.10 PM (1).png

Dan Schulze
Electrical Advisor

Dan has been a Master Electrical Contractor for over 35 years.  A member of many trade organizations, he helped bring the IEC Independent Electrical Contractors Association to St. Louis and was Vice President of his local chapter of the International Association of Electrical Inspectors. He is passionate about teaching and has nurtured and taught many apprentices over his 40 plus year career.  It is important to Dan when he teaches in Haiti to make a connection with his students to allow them to see his love of Christ in all he does.  

bottom of page